Jimmy pa t brave danje vre

Jimmy pa t brave danje vre

Yo tèlman akize moun nan lanmò Jimmy Danger moun ki frape towo a poze. Gen plizyè detay ki bay sou kòz lanmò sa. Youn nan pawòl ki pale yo te vle fè kwè se yon dam Jimmy te foubi…epi li di sa nan cho li a. Fi a envite misye vi n bise epi li frape misye ak yon bobori (bob Hot) monte.

Poutan Laplanta, yon kalbàs grandjòl nan HMI la, nan emisyon Diyosa ak Dadou Couleur, di Jimmy mouri pou yon djòb sal li te fè pou yon moun. Djòb sal sa se te pran kòb nan men yon moun pou li salanba yon lòt moun. Se moun sa ki manje Jimmy. Laplanta di li konn moun yo, sa vle di moun ki bay lajan ak moun Jimmy tap salanba a. Li di tou li konn konbyen kòb yo te bay Jimmy.

Laplanta di yo te tiyeke venerab Lova Toussaint pou l te ka achte lavi Jimmy, li te gentan twò ta. Jimmy sa tèlman te gen lènmi ou ka di li pran nan « feux croisés ». Se pou sa lis moun yo akize nan lanmò a ka depase 30, e chak moun sa yo ta gen rezon valab pou yo pase towo a alenfinitif.

Sòti nan Laplanta rive sou Natacha pase pran Roody Roodboy, Djouly, Blondedy, Florence, Dadou DYS, Richie, Arly, Gasman…..Jimmy manyen manm tout moun sa yo nèt. Laplanta di li regrèt Jimmy mouri paske li te gen tan depoze plent pou misye nan peyi Kanada. Se la li ta pral ri misye ki pat janm sispann flite konprimen li nan emisyon li a. 

Kite m fè nou sonje Jimmy Danger se yon bon grenn tanbourinè ki pase nan djaz tankou Harmonik, Disip, Kaï. Li jis deside kite mizik pou li fè yon lòt metiye ki rele  joudalis (se konsa m rele jounalis FB yo). Li fè lajan vit men ki kòz li mouri vit tou.

Antouka, Ayiti bezwen yon lòt ekip lwa ki ka pèmèt nou jije moun ki touye yon lòt nan mistik. Konsa Jimmy te ka jwenn jistis li. Sa w wè?

Urbain Joseph

About author

haitiinfoplus
haitiinfoplus 2725 posts

Présent dans le pays depuis près de 10 ans, cet organe de production et d’information tente de présenter une facette différente d’Haïti. Spécialisé, au départ, dans la production d’émissions, Haïti Infos Plus est disponible aujourd’hui sur la toile.

You might also like

A la une 0 Comments

Le peuple haïtien dit non au référendum inconstitutionnel

Des milliers d’Haïtiens ont gagné les rues de Port-au-Prince, le mardi 18 mai, pour manifester contre le référendum inconstitutionnel prévu  le 27 juin de l’année en cours. A l’occasion dudit

A la une 0 Comments

Espérance Pierre et Youri Latortue, sur la liste des Haïtiens interdits d’entrée en terre voisine

39 Haïtiens sont interdits d’entrée en République dominicaine. C’est ce qu’a décidé le président dominicain Luis Abinader par un décret présidentiel promulgué le 14 avril 2023. Selon le document en question,

Societe 0 Comments

Le pape, pourfendeur des inégalités sociales

La pluie a abondamment douché les premières heures de la visite du pape François en Afrique mais elle n’a pas dissuadé quelque 200 000 Kényans de participer à la première messe

0 Comments

No Comments Yet!

You can be first to comment this post!

Leave a Reply